Ayiti ap travèse yon gwo kriz sekirite ak gouvènans depi asasina Jovenel Moïse an 2021 ak feblès otorite Leta ki vin apre sa, ki louvri pòt pou yon nouvo jenerasyon gwoup kriminèl parèt.
Gang yo, ki kounye a ini anba yon kowalisyon ame yo rele Viv Ansanm, pran kontwòl sou gwo pati nan peyi a, tankou kapital la, Pòtoprens, enfrastrikti enpòtan ak wout komèsyal yo. Sa lakòz nivo vyolans ekstrèm, ekstòsyon, deplasman fòse, ansanm ak trafik dwòg ak zam afe. Kominote yo ap viv ak ensekirite chak jou, nan yon kontèks kote enstitisyon piblik yo pa kapab bay pwoteksyon ni sèvis debaz.
Dapre Endis Mondyal sou Krim Òganize 2025 la, Ayiti klase 35yèm sou 193 peyi pou nivo kriminalite, sa ki fè li peyi ki pi afekte nan Karayib la. An menm tan, li klase 177yèm nan mond lan pou rezilyans, epi li dènye nan rejyon an, sa ki montre feblès enstitisyonèl nan prevansyon, kontwòl ak repons kont krim òganize. Kondisyon sa yo ekspoze kominote yo ak domaj ki dire lontan, pandan viktim yo gen aksè limite ak jistis, pwoteksyon ak sipò.
Konbinezon gwo kriminalite ak rezilyans enstitisyonèl ki fèb sa a kreye gwo vid nan gouvènans. Nan sitiyasyon sa a, òganizasyon sosyete sivil yo jwe yon wòl enpòtan pou kenbe koyezyon sosyal, soutni fanmi ki deplase yo, epi bay asistans otorite yo pa kapab bay.
Inisyativ kominotè yo souvan se sèl estrikti pwoteksyon ki disponib, sitou pou jèn yo ak fanm yo ki plis ekspoze ak risk eksplwatasyon ak rekritman pa gang yo.
Yon repons ki soti nan kominote yo
Pou reponn ak reyalite sa a, Fon pou Rezilyans lan travay ak òganizasyon ki byen anrasinen lokalman pou ranfòse rezilyans kominotè, pandan n ap bay priyorite a apwòch ki atake koz estriktirèl vyolans lan, tankou eksklizyon jèn yo, vyolans ki baze sou gan, deplasman ak mank espas ki an sekirite.
Nan kad sa a, Centre Hospitalier de Fontaine Foundation (CHFF) nan Site Solèy ak Centre d’orientation et de soutien à la famille haïtienne (COSOFH) nan Depatman Sid la ap travay ansanm ak kominote ki sou premye liy kriz Ayiti a pou redwi vilnerabilite epi kreye altènativ ak vyolans.
De òganizasyon sa yo ap entèvni nan de kontèks diferan. Site Solèy anba kontwòl total gang yo, tandiske Okay ak Kanperen nan yon zòn ki pa anba kontwòl gang yo. Nan Site Solèy, jèn yo ap viv anba ekspozisyon kontinyèl ak gwoup ame yo, ak aksè limite ak edikasyon ak gwo majinalizasyon ekonomik. Nan Okay ak Kanperen, fanmi ki te deplase akoz vyolans gang yo ap eseye rebati lavi yo nan kominote ki deja anba presyon, kote tifi adolesan yo plis ekspoze ak risk abi, eksplwatasyon ak eksklizyon sosyal.
An kolaborasyon ak Fon pou Rezilyans lan, CHFF ak COSOFH ap mete an plas pwogram entegre ki baze sou kominote a, ki konbine prevansyon, swen ak devlopman konpetans.
Centre d’orientation et de soutien à la famille haïtienne
COSOFH ap sipòte plis pase 100 tifi adolesan atravè pwogram Kore Tifi li a, ki bay sipò sikososyal, mentora, edikasyon pou prevansyon vyolans ak fòmasyon pwofesyonèl. Paran yo ak lidè kominotè yo patisipe aktivman nan reyinyon regilye, sa ki ranfòse responsablite kolektif pou pwoteksyon ak byennèt. Sondaj nan kominote a, jounen pòt ouvè ak etap enpòtan pwogram nan — tankou gradyasyon 75 tifi nan pwogram Kore Tifi — ede dokimante chanjman nan pèsepsyon, konpòtman ak dinamik sosyal, pandan yo ranfòse angajman lokal la.
Centre Hospitalier de Fontaine Foundation
CHFF ap bati sou plizyè dizèn lane eksperyans li nan bay swen sante nan Site Solèy pou elaji aksè ak sipò edikatif, swen sikososyal ak opòtinite pwofesyonèl pou jèn ki riske rekritman pa gang yo. Aktivite yo gen ladan sipò akademik, fòmasyon agrikòl, aktivite espòtif ak devlopman konpetans lavi, pou ofri espas ki an sekirite ak modèl pozitif nan yon anviwònman ki trè enstab.
Lè yo kreye espas ki an sekirite, elaji aksè ak konpetans pratik, epi ranfòse rezo kominotè yo, inisyativ sa yo diminye ekspozisyon ak vyolans, eksplwatasyon ak rekritman. Yo ranfòse koyezsyon sosyal ak kapasite pwoteksyon nan katye kote nivo krim òganize depase kapasite enstitisyonèl Leta pou reponn.
Travay sa a reflete yon konklizyon pi laj Endis Mondyal sou Krim Òganize 2025 la mete an limyè: menm si rezilyans nan nivo nasyonal rete fèb, aksyon ki soti nan kominote yo jwe yon wòl desizif pou limite enfliyans kriminèl, konble vid nan gouvènans, epi kenbe espwa vivan nan kontèks ki trè frajil. Atravè solisyon ki soti lokalman, sosyete sivil ayisyen an kontinye montre rezilyans chak jou, ansanm, epi andedan kominote yo menm.
Eksplore rechèch ak analiz ki gen rapò ak Obsèvatwa Vyolans ak Rezilyans an Ayiti GI-TOC la
Opérations-de-paix-en-Haïti: Les enseignements tirés de deux décennies d’engagement de l’ONU
Répondre au crime organisé dans les Caraïbes
De la gouvernance criminelle à la fragmentation sociale
Konsènan Obsèvatwa Vyolans ak Rezilyans an Ayiti GI-TOC la
Obsèvatwa Vyolans ak Rezilyans an Ayiti GI-TOC la (HT-Obs) se yon espas fondamantal pou rechèch ak analiz, ranfòsman sosyete sivil, devlopman kapasite ak sipò dirèk pou aktè miltilateral yo. Diferan domèn travay sa yo bay yon apwòch konplemantè ki esansyèl pou efò nasyonal ak entènasyonal yo, pou asire dirabilite solisyon ki mete an plas pou rezoud kriz ayisyen an. Obsèvatwa Ayiti a ap mete baz pou inisyativ sosyete sivil nan lavni nan peyi a, epi li sèvi kòm modèl pou inisyativ politik lokal ak entènasyonal. Li plis.
Konsènan Fon pou Rezilyans lan
Fon pou Rezilyans lan se mekanis sibvansyon GI-TOC la. Li te lanse an 2019 nan Vyèn pou bay sipò teknik ak finansye bay aktè sosyete sivil k ap reponn ak krim òganize. Li sòti nan nesesite pou kanpe bò kote moun k ap lite sou premye liy kont gouvènans kriminèl ak vyolans, pou fè yo tande vwa kominote lokal yo epi pote pèspektiv yo nan espas miltilateral yo. Misyon Fon an se idantifye, soutni ak pwoteje aktè kominotè yo ak efò yo nan zòn nan mond lan ki plis afekte pa gouvènans kriminèl. Li plis.
Konsènan GI-TOC
Global Initiative Against Transnational Organized Crime se yon rezo pwofesyonèl k ap travay sou premye liy batay kont ekonomi ilegal ak aktè kriminèl yo. Atravè yon rezo obsèvatwa sosyete sivil atravè lemond ki konsantre sou ekonomi ilegal, nou suiv evolisyon tandans yo epi nou kontribye pou ranfòse baz prèv pou aksyon politik piblik, pataje ekspètiz rezo nou an, epi ankouraje repons miltisektoryèl ak global kont diferan kalite krim. Avèk Fon pou Rezilyans Global Initiative la, nou sipòte aktivis kominotè yo ak òganizasyon lokal ki pa gouvènmantal k ap travay nan zòn kote gouvènans kriminèl menase gravman sekirite ak avni moun yo.
